RADIO KISKEYA YON FLANBO KI BEZWEN RELIMEN VIT VIT

Radio Kiskeya yon flanbo ki bezwen relimen Vit vit

Yon patrimwan frape se yon nasyon ki fwape, dife mete dlo nan je chak jou isiba. Yon fenomèn Ayiti pa ka bliye, chak ane se vin wè dife kap fè moun rekomanse a zero.

Nan sikonstans sa a Radio Tele Aleph 88.9 nan Gonayiv pataje trajedi sa a ki rive Radio Kiskeya ki boule rapyetè

Yon Radio se yon Flanbo ki la pou klere chemen libète yon Sosyete.

Yon Radio Se yon Kreyon ki la pou trase chemen oryantasyon ak Edikasyon yon jenès, tout nasyon an,

Yon Radio Se yonn pami pouvwa yo, yon fòs ki ka mete nasyon an nan chime verite a. Radio Kiskeya avèk anpil Pèn, tristès  Radio Tele Aleph 88.9 Pataje pèn sa avèk nou, Nou rete kwè BonDye ki gen tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a ap fè flanbo sa a relimen vivit nan mond lan.

Nap mande ak otorite peyi Dayiti pou yo fè yon ankèt vivit pou konnen, saki lakoz dife sa a ki mete yon tristès nan nan lavi pèsonèl Radio Kiskeya ak oditris yo, yon Peyi pa ka kontinye konsa pou dife toujou ap simen latwoublay nan nasyon an.

Www.radiotelealeph.com

Fanelson JEAN-BAPTISTE Dirèktè Radio Tele Aleph 88.9 Gonayiv

Comments